Ayiti Defi Nan Batay Kont Lamizé - PDF

Description
Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Rapò No HA Ayiti Defi Nan Batay Kont Lamizé Volirn I Daout 1998 Batay Kont Larnizé

Please download to get full document.

View again

of 51
All materials on our website are shared by users. If you have any questions about copyright issues, please report us to resolve them. We are always happy to assist you.
Information
Category:

Religion & Spirituality

Publish on:

Views: 4 | Pages: 51

Extension: PDF | Download: 0

Share
Transcript
Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Public Disclosure Authorized Rapò No HA Ayiti Defi Nan Batay Kont Lamizé Volirn I Daout 1998 Batay Kont Larnizé ak Jesyon Ekonomik inite lesyon Peyi Karayib Rejyon Arnerik Latin ak Karayib Dokiman Bank Mondyal Fil F r'd 1. A KI SA LAJAN PEYI DAYITI KORESPONN Inite lajan: Goud (G) goud = 1 dola ameriken (3 daout 1998) 2. ANE FISKAL 1 janvye - 31 desanm 3. SIG AK ABREVYASYON PGC FONHEP PIB PNB HIMO ONG PCE PRECJ PRH[UE PURE UNICEF USAID Pwogram Gouvènans Kominal Fondasyon peyi dayiti pou ansèyman prive Richès peyi dayiti pwodui pou tout peyi a Richès peyi dayiti pwodui pou tout peyi a Travay ki fet ak anpil moun Oranizasyon non gouvènmantal Pwojè pou kreye djob Pwogram pou rebati lekòl, sant sante ak tribinal Pwogram pou remete ayiti kanpe/inyon peyi lewòp Pwogram ijans pou remete ekonomi a kanpe Fon Nasyonzini pou timoun Ajans entènasyonal devlopman peyi etazini Prezidan an apre Direktè pou peyi a Direktè pou sektè Responsab pwojè Shahid Javed Burki Orsalia Kalantzopoulos Guillermo Perry Judy Baker PREFAS Evalyasyon sa a ki sou kesyon lamizè te fèt pou ede gouvènman peyi dayiti, peyi k ap ba 1 bourad lajan yo ak sosyete sivil la konprann ki sa ki lakòz peyi a nan lamizè konsa, ki mak fabrik mizè sa a, epi chache wè sou ki sektè pou yo chita an premye pou soti anba 1. Premye chapit la ap pale de kondisyon lavi pov yo. Chapit 2 a ap ekzaminen kesyon ki gen pou wè ak estabilite politik, ak leta, ansanm ak avansman ekonomi an. Chapit 3 a ap chita sou gwo wòl sektè piblik la dwe jwe pou pote solisyon a pwoblèm lamizè a. Chapit 4 la bay yon amôs sou enpòtans envesti nan moun. Epi Chapit 5 la ap ekzamine keyson ki gen pou wè ak transfè epi tou ak pwogram pwoteksyon sosyal pou ede sa ki pi pôv yo. Dokiman teknik ki te sèvi pou analize pifô enfômasyon ki nan rapô sa a twouve yo nan volim II a. Enfômasyon ki manke nan peyi a, lakòz nou pa rive fè yon analiz ki pi fen sou yon seri sektè. Sa fè wè nesesite pou ranfôse sistèm enfòmasyon fondamantal k ap itil lôt travay analiz ki va gen pou fèt pi devan sou lamizè nan peyi Dayiti. Anplis de rapô sa a, nou kapab jwenn ankô lôt enfòmasyon sou kèk sektè nan dokiman Bank Mondyal te fè nan mwa mas 1997, kote 1 ekzaminen depans leta yo. Anpil moun te bay kolaborasyon yo pou pare rapô sa a. Se Judy Baker ki te responsab pwojè sa a ak yon gwo kolaborayon ke Edgardo Favaro te bay tou. Dokiman referans ki nan anèks teknik (Volim II) se lis moun nou pral site la yo ki te pare yo: Garry L. Charlier (pwogram ijans), Maria Correia (kesyon ki mare ak pwoblèm fanm ak gason), John Currelly (mikwoantrepriz), Edgardo Favavro (gouvènans ak ogmantasyon richès), Gerard Gagnon (sekirite nan zafè manje), Lora lannotti ak James Levinson (fason pou moun byen manje), John Panzer (ekzamen envestisman piblik) Myriam Schneidman ak Ruth Levine (lasante), Jamil Salmi (edikasyon), Thomas Wiens ak Carlos Sobrado (lamizè nan milye riral), ak Andy White (lamizè andeyò ak sa moun yo posede) Alice Morton te responsab etid sou sektè ONG. Lôt moun ankô ki te pote kole pou fè rapô sa a, se: Robert Ayres, Maria Elena Castro ak Glen Smucker. Deborah Trent, Gladys Guerricagotia ak Anne Pillay te pote konkou yo pou fin prepare dokiman an. Direktè a se te Orsalia Kalantzopoulos, Ekonomis prinsipal la se te Edgardo Favaro epi espesyalis prensipal nan keksyon la mizè a se Norman Hicks. LIS SA NOU JWENN NAN DOKIMAN SA A VOLIM I PREFAS YON RANMASE-ANALIZ... i 1 KONDISYON LAVI POV YO... I L A M IZÉ NA N Zó N RIRA L Y O L A M IZ É N A N V IL Y O... 8 M OUVMAN PCýPILASYON YO (M IGRASYON)... i i PRESYON POPILASYON AN K AP OGMANTE AK KONSEKANS SA GENYEN SOU ANVIWONMAN AN POUKISA MOUN KI POV YO RETE POV: GOUVENANS, ESTABILITE AK KWASANS...14 Ki SA KI DETÉMINEN KWASANS EKONOMIK PEYI A KWASAN EKONOMIK AK DIMINISYON LAMIZÉ SEKTE PIBLIK AK BATAY KONT LAM IZE Kj SA K] POU FÉT Pou GOUVÉNMAN AN TA VIN Pi EFIKAS KOWODONASYON JEFó ENSTITISYON ÉD YO AK ONG YO ENVESTI NAN RESOUS MOUN E D IK A SY O N LASANTE AK NITRISYON D LO AK A SENISM AN TRANSFE AK ESTRIKTI PROTEKSYON SOSYAL PWOGRAM POU KREYE DJOB AK REVNI LAJAN, REPARE ENFRAESTRIKTI AK RANFóSE ENSTITISYON YO A SISTAN S A LIM A N TE ANEKS I: KI SA Kl DETEMINE PEFOMANS KWASANS NAN PEYI DAYITI List Tablo ak Figi Tablo 1.1. Konparezon chif sou popilasyon nan divés peyi nan Amerik Latin ak nan Karayib la, I Tablo 1.2. Kantite lajan fanmi yo depanse an mwayén nan chak gwoup... 2 T ablo 1.3. T é ak kalite té, pa gw oup... 3 Tablo 1.4. Estim asyon lam izé nan zòn riral, pa rejyon... 4 Tablo 1.5. Komposition revni lajan ak depans fanmi zòn riral, pa gwoup... 4 Tablo 1.6. Salé ak lavant kash, san konte lajan larevant, pa gwoup... 5 Tablo 1.7. Pwodiksyon ak pwodiktivite agrikol, pa gwoup... 5 Tablo 1.8. Kategori sistém distribisyon laté, pa gwoup... 6 Tablo 2.1. Gouvénman peyi Dayiti, ' Tablo 2.2. Koefisyan kwasans ak envestisman, Tablo 3.1. Chif ekonomik kèk peyi kigen nivo revni ki ba nan Amerik latin ak nan Karayib la Tablo 4.1. Depans dirék pou lekól pa ane pa elév, pa kategori lekòl Tablo 4.2. Eka ant andeyó-lavil nan depans dirék pa ane pa elév Tablo 5.1. Djòb ak revni ki kreye, depi Tablo 5.2. D istribisyon pw ojé yo pa depatm an Tablo 1.1. To kwasans veritab peyi a pa abitan, Andakreman 1. Kwasens ekonomik ak devlopman resous moun Grafik 2.1. Projeksyon dim insyion povrete nan zon riral VOLIM II. DOKIMAN TEKNIK I. LAMIZÉ NAN ZóN RIRAL YO 2. LAMIZÉ AK KESYON GASON AK FANM 3. ZAFÉ SEKIRITÉ ALIMANTÈ 4. DEVLOPMAN MIKWO ANTREPRIZ AK KREYASYON JOB AN AYITI 5. SEKTÈ SANTE AK NUTRISYON 6. BALANS NAN DISTRIBISYON AK KALITÉ NAN EDIKASYON PRIVE A 7. RANMASE SOU EMPAK AK RANMAN PROGRAM REDIKSYON LAMIZÉ YO 8. ETID SOU SEKTÉ ONG 9. KAPITAL SOSYAL YON RANMASE-ANALIZ Ayiti se peyi ki pi pév pami peyi emisfe oksidantal yo e se youn nan peyi ki pi pòv pami peyi ki ap chache rout devlopeman yo. Revni peyi a pa abitan (250 dola ameriken) plis que dis fwa pi piti pase mwayén pa lòt peyi nan Amerik Latin nan. Sou san moun nan popilasyon k ap viv nan milye riral yo, genyen apepré katreven k ap viv nan lamizé. Anplis de sa, olye bagay yo amelyore, nan dénye dis lane ki såt pase yo, sitiyasyon lamizé a an Ayiti pa sispann vin pi grav. Sòti 1985 pou rive 1995, chak lane ki pase, sa peyi a pwodui pa abitan (PNB pa abitan) bese nan 5,2 pousan. Gwo nivo lamizé sa a ann Ayiti ki bay moun ké sote ale lamen nan lamen ak yon seri chif sou popilasyon an ki choke moun anpil tou. An Ayiti, yon moun ka espere viv 57 lane, alòske nan lót peyi Amerik Latin la se yon mwayén 69 lane moun rive viv. Mwens pase la mwatye popilasyon an pase sou ban lekòl. Sou chak 5 timoun ki gen laj pou ale nan lekòl segondè, se yon grenn sélman ki rive ale tout bon vre. Menm jan an tou, kondisyon lasante yo move anpil; pa ekzanp, se sélman yon ka lavalé timoun yo ki vaksinen. Se sélman yon ka lavalè nan popilasyon an ki rive jwenn dlo potab. Kidonk, pi fò moun nan popilasyon Ayiti ap viv nan move kondisyon lamizé. Devan reyalite malouk sa a, popilasyon peyi dayiti ap kontinye ogmante ak tout vites ak anviwon moun en plis chak lane, sa ki represante yon chif kwasans ki wo anpil. Ki sa ki eksplike lamizé malouk sa a nan peyi dayiti? Ane pase, ane vini, anpil moun k ap obséve sitiyasyon an te pote divès repons sou kesyon difisil sa a. Rapò sa a ap montre kék nan eleman kle ki kapab responsab pwoblém lamizè a. Enstabilite politik, move konduit nan zafè Leta ak koripsyon. Yon enstabilite politik ki chita sou yon tradisyion ki la depi diknantan e ki makonen ak mankman ki genyen nan gouvénans peyi a, se yo ki alabaz pwoblèm lamizè ki pa janm sispann ann Ayiti. Koripsyon ak fason de grenn gòch y ap sévi ak lajan Leta vin pa mennen yon bès nan kalite tout sèvis Leta ofri, menm nan nivo responsablite piblik ki plis fondamantal yo tankou lapolis, sistém lajistis ak enfraestrikti debaz. Malgre demokrasi ki retounen ann Ayiti a reprezante yon pa tout moun akeyi ak anpil satisfaksyon, e ki menne pwogré ki bay ampil ankourajman, kesyon fondamantal gouvénans ak sou jan y ap mennen bak peyi a toujou rete nan ké pwoblém lamizè nan peyi a. Nivo kwasans ki pa kont ase, e ki se yon resilta dezekilib ki genyen nan nivo makwoekonomi ak nivo envestisman prive ki dyanm ase. Eleman politik nou site anvan yo te gen yon konsekans negatif serye sou envestisman prive, kit yo sòti andedan peyi a oswa låt bò dlo. Ann Ayiti, pousantay envestisman ki fet parapò a valé byen ak sévis ki pwodi pandan yon lane (pousantay envestisman ki fet parapò a sa yo rele PIB a), se sélman anviron 10 pousan li ye - ki se sélman yon tyé lavalé pa peyi Chili pa ekzanp. Rapò sa a konsidere Ayiti ta dwe rive nan nivo kwasans ki ta fet poii omwens 5 pousan chak lane pou I kapab fe pwogré ki gen sans e pou I ka make pwen nan batay kont lamizé. Olye se sa ki fet, jan nou di sa piwo a, peyi a sibi a lopose yon kwasans negatif nan menm valé pousantay sa a pandan dénye ane yo. E pa gen okenn bon péspektiv amelyorasyon nan keksyion kwasans sa a. Mankman nan envestisman nan moun kòm resous ak move kalite depans I'Eta. Nan sektè piblik la, se sélman 20 pousan nan resous yo ki ale nan zén andeyé yo, kote anviwon de tyé lavalé popilasyon an ap viv. Depans piblik kou prive ki fèt nan sekté sante pou chak moun egal apepré 21 dola, alòske se 38 dola yo depanse nan peyi Afrik ki nan zén sid dezé Sahara yo, ak 202 dola nan peyi Amerik Latin yo. Yon pélen Iamizé . Relasyon alevini ant divès eleman sa yo, ajoute sou gwo vites ogmantasyon popilation an vin bay yon espiral tét chaje k ap rale peyi a desann, sa yo ka rele yon pélen lamizé ki ampil fwa parét tankou li pap kite ni jwen ni espwa pou peyi a ta rale kéw I soti ladan 1. Pami kék nan aspé pélen sa a ki diskite nan rapå sa a ou jwenn: yon gwo pousantay moun k ap fe pitit yo pa t anvi genyen; anviwonman an kontinie degrabe san kontwole, sitou andeyé; krim ak vyolans k ap reparét an fòs; abi san gade déyé sou zafe dwa moun; epi mouvman moun k ap kite peyi a pou chape anba yon lavi lamizé. Pou nou rezime, poutét ampil mankman nan bon jan kalite gouvénans peyi a, paske nivo kwasans ak envestisman yo trå feb, paske manke konsiderasyon pou bezwen fondamantal moun, epitou poutét konsekans yon seri konpòtman moun ka konprann men ki parét regretab vin jwenn yo aji youn sou lòt nan divés fason konplike, ebyen tout sa nou sét di la yo se eleman ki mennen nan menm rezilta a: yon sitiyasyon lamizé k ap symaye an fés ak tout konsekans ki mache avé I yo, sétadi moun an degraba, espas an degraba, sosyete an degraba ak anviwonman ki ap depafini. Si eleman nou site anwo yo se kòz dilém lamizé ayisyen an, ki sa k kapab fet pou aleje sitiyasyon an epi amelyore kondisyon lavi tout popilasyon an? Rapå ki suiv la bay detay sou yon mannyé ki ta bon pou etidye kesyon an, san toutfwa li pa sispann rekåmande modesti ak pridans. Fòk sa byen klé, lamizé pa pwal rale yon bak ann Ayiti konsa nan yon sél jou. Pa gen solisyon majik ki ekziste. Chimen ki pou suiv la chaje ak pikan kwenna epitou pwogré yo, omye, ap fèt tipa tipa e se sélman yon ponyen moun a la fwa k ap ka jwenn ak benefisye pwogré sa yo. Men, demokrasi ki retounen an, pép ayisyen ki toujou manifeste volonte I anfavé kondisyon lavi miyé pou yo menm ak pou timoun yo, leson ki deja ranmase nan yon seri pwogram ak inisyativ pwojé ki deja sou wout (yo diskite de sa nan tout rapå a), san nou pa bliye sipé dyanm san lachét, kominote enténasyonal ki ap bay bourad lajan ak ONG yo, tout sa pémét gen yon lespwa kit se ak yon bon dòz pridans kanta péspektiv batay kont lamizé ann Ayiti. Defi pou moun k ap okipe zafe devlopman Ayiti leve jwenn jounen jodi a, se rive idantifye yon seri priorite tout patné nan keksyon devlopman konséte sou yo ki fe sans yon ak lòt, e ki pou sévi kòm baz pou tou jefò konsantre epitou ekzekite yon jan pi efikasak. Pani priyorite ki ta konsidere pou amelyore sò ayisyen pòv yo, anyen p ap pi enpétan pase refåm ki vle kraze baryé tradisyonél ki toujou ap fe ravaj nan peyi a, tankou baryé politik, baryé nan enstitisyon, baryé nan gouvénans. Refòm sa yo si télman enpòtan ke si yo pa fet, tout låt kalite refòm ki ta pwopoze - kélkanswa enpòtan yo ta enpòtan de pa yo menm - gen anpil chans pou yo pa tonbe daplon ak pou yo pa pote bon jan rezilta yo te sipoze bay yo. ii i 'I 'i Lè sa a, ki sa k dwe fét? Bay enstitisyon piblik fondamantal yo jarkt, amelyore kowödinasyon ak konsiltasyon nan pami Gouvènman an, remete estabilite politik la kanpe sou de pye epitou ba 1 jarét. Lè nou konsidere kapacite Leta ki limite, fòk nou rekonèt ke wòl Leta dwe chanje. Nan sans sa a, nesesite pou Leta rekonsantre ròl Ii nan kote aksyon 1 pi plis necesè parèt a klè. Kote sa yo ke Leta dwe entèvni nesesèman, se sitou nan asire löd piblik ak estabilite ekonomik, fe respekte dwa pwopriyete, tabli reglemant pou kèk sektè, epi tabli yon kad ki pou ede ogmante sèvis lasante ak edikasyon prim, envestisman ak sèvis antretyen pou kenbe enfraestrikti yo nan bon kondisyon. Modénizasyon Bank Santral ak bon jan rezilta ki jwenn deja nan mete kanpe yon fós polis nasyonal pou peyi dayiti epi tou amelyorasyon sistém prizon a, tout sa yo se bon pwen referans pou modénize Leta a. Modénizasyon sa a pral ekzije tou, pou yo ranfòse wöl sekté prive a nan bay sévis, 1 ap ekzije tou pou asire patisipasyon sosyete sivil nét alkole nan zafe planifikasyon ak pran desizyon ki konsénen tél osnon tél sekté. Nan domén sa a, genyen anpil pwogré ki ap fet nan estrateji gouvénman an nan sekté ledikasyon. Pou rive nan objektif ekilib politik la, Ii pral nesesé pou tabli yon pi bon dyalög ak yon kominikasyon k. pi louvri ant pouvwa ekzekitif ak Palman, e li pral nesesé tou pou tout patné yo gen bon jan volonte pou reyisi. Ranfòse estabilite makwoekonomik la, diminye distösyon ak dezekilib yo yon fason pou ankouraje envestisman prive, epitou ogmante kapasite ak randman pwodiksyon moun yo. Bay envestisman prive an ankourajman ak bourad, se sa ki pral pémét ogmante pi devan kwasans ekonomik peyi dayiti. Premye pa enpötan ki pou fét nan sans sa a, se reyalize pwogram kapitalizasyon an, espesyalman nan Teleko, Elektrisite d Ayiti, sekté dlo potab, pö ak ayewopò. Privatizasyon sekté sa yo va pémèt ogmante kapasite pwodiksyon nan ekonomi a, epi se ap yon siyal klé sou angajman gouvénman an pran pou redefini wòl Leta ak pou lanse ekonomi peyi a sou chimen modénizasyon. Nan sans sa a, fók yo kontinye epi ranfóse gwo jefó gouvènman an ap fé pou kenbe estabilite makwoekonomik la. Amelyore kalite depans Leta ap fè yo, envesti nan bay sévis pou bezwen fondamantal moun, epitou ogmante nivo resous moun ky genyen yo. Pi gwo defi gouvénman ayisyen an dwe leve, se pral pou ogmante kantite lajan 1 ap mete nan bidjé pou bay sévis sosyal, epitou se pral pou mete sou pye yon òganis ki va kolabore, sou baz regleman, ak ONG ansanm ak sekté prive, yon fason pou ogmante kantite ak amelyore kalite sévis sa yo. Nan zafé edikasyon, lasante, dlo potab ak asenisman, tankou tou nan zafé planing familyal, gouvénman an ta dwe, otan sa posib, kite sekté prive a oswa ONG yo bay sévis sa yo, alöske limenm Leta Ii t ap pito chita fòs Ii sou zafé amelyorasyon regleman, fasilite inisyativ ki fé kowödinasyon ant pwöp aktivite pa 1, aktivite pa sekté prive o benefis pòv yo. Fòk yon kantite lajan Leta ki limite ta dwe ale nan pwogram k ap fét pou moun ki pi pòv yo, espesyalman pou moun k ap viv nan zòn riral ke yo toujou neglije depi lontan. Pwogram transfé ki byen vise ak pwogram pwoteksyon sosial pral rete enpötan pou popilasyon ayisyèn nan ka toujou viv, jiskaske envestisman a long tém ki fét nan moun yo ta kòmanse pote resilta. Oganize pi byen ed ki soti nan bb peyi etranje yo. Ed k ap soti löt bò kontinie trè enpòtan pou relanse ekonomi peyi d Ayiti ak pou mennen batay kont lamizé. Ed sa a te reprezante apepré 15 pousan PIB lane 1997 la ann Ayiti. Men, rapò sa a fé lalimyé sou yon seri pwoblém iii serye ki konsénen mankman nan kowòdinasyon éd patné peyi etranje yo e ki anpeche éd sa a bay pi bon rezilta. Pakét patné enténasyonal sa yo ak pakét pwogram yo chak genyen nan préske tout sektè yo, vin konplike jefò gouvénnan ak jefò patné sa yo nan asire yon kowådinasyon nan planifikasyon ak ekzekisyon aksyon yo. Malgre ke nan yon seri sekté, patné enténasyonal yo rive fòme kék gwoup travay ki ta dwe pémét éd ki soti låt bå yo bay pi bon jan rezilta, gwoup sa yo pa t trò aktif depi koumansman dénye kriz politik mwa jen 1997 la. Epi tou, sa pa si ke jefó sa yo kapab bay bon jan rezilta si Gouvénman an pa la pou jwe wòl kowodinasyon ke I genyen an. iv 1 KONDISYON LAVI POV YO Ayiti se peyi ki pi pòv pami peyi emisfé oksidantal yo e se youn nan peyi ki pi pòv sou laté. Mwayén revni peyi dayiti pa abitan nan yon lane ki monte 250 dola ameriken sélman pi piti pase sa yon pakèt peyi afriken fé, e li ba anpil pa rapò a mwayén sa peyi Amerik Latin yo rantre ki se dola ameriken (gade tablo 1.1). Nan milye riral la, sou 100 moun genyen anviwon 80 ki nan yon sitiyasyon ki pi malouk toujou pase sa yo konsidere kòm séy lamizé'. Lamizé nan peyi dayiti makònen ak move péfòmans ekomik la: revni lajan peyi a pa tét abitan pa ogmante pandan 40 dénye lane yo e ki piréd li bese nan 5.2 pousan chak lane pandan dis lane ant 1985 pou 1995 (Bank Mondyal 1997). Fenomèn lamizé nan peyi Dayiti parèt a klé na chif sou popilasyon peyi a. Chif sa yo pi ba anpil pase pa lòt peyi ki nan zòn nan. Ann Ayiti yon moun ka espere viv 57 lane alòske mwayén nan se 69 lane pou peyi Amerik Latin yo. Valé pousantaj fé timoun la se 4,8 pousan, alòske mwayén nan rejyon an se 2,8. Sou 1000 timoun, gen plis pase 72 ki mouri, sa vle di de fwa mwayén timoun ki mouri nan zòn nan. Genyen 6 fanm sou 1000 ki mouri nan akouchman e se youn nan chif ki pi wo sou laté. Gen mwatye timoun ki gen mwens pase senk lane ki soufri malnitrisyon, e preske lamwatye granmoun yo pa kòn ni li ni ekri. TABLO 1.1. KONPAREZON CHIF SOU POPILASYON NAN DIVES PEYI NAN AMERIK LATIN AK NAN KARAYIB LA, 1996 PNB pa Tan yon Pousantaj Pousantaj Pousantaj Chifsou abitan moun ka granmoun ki timoun ki total nanfe devlopman Peyi espere viv pa kòn li mouri timoun moun Ayiti Nikaragua Onduras Bolivi Dominikani 1, Jamayik 1, Mwayèn Amerik 3, latin ak Karayib Sous: Bank Mondyal 1997; PNUD 'Yon nan gwo pwoblém nan fè analiz sou zaft- lamizé nan peyi Dayiti se bon jan enf6masyon ak done ki pa manke. Pi gwo jefò ta dwe fèt pou ranf6se kapasite Biro Estatistik pou pémét li fè ankét periodk sou kondisyon lavi nan peyi a pou rive wè pi byen ki moun ki pov yo, poukisa yo pov epitou ki rezilta pwogram Leta yo genyen sou kondisyon lavi moun sa yo. Anviron de tyè lavalè popilasyon an (4.8 milyon moun) ap viv nan milye rural, e sou chak 100 moun, ladan yo gen 80 ki pov 2. Kondisyon lavi moun nan miliye riral yon ti kras pi mal pase pa lavil. Pa ekzanp, sou 100 timoun ki gen mwens pase 5 lane, genyen 35 ki soufri malnitrisyon san rete nan milye riral yo, 30 nan vil yo esepte nan Potoprens, epi 20 nan Potoprens. Menm jan an, sou 1000 timoun ki fèt vivan, genyen 144 ki mouri nan milye riral yo, 135 nan vil yo esepte nan Potoprens, epi 131 nan Potoprens. Eka ki genyen nan kondisyon lavi nan vil yo ak andeyò se youn nan bagay ki plis fé moun kite pwovens yo pou vin viv lavil. Sitiyasyon a vin angrave deske zòn lavil yo pwofite pi plis nan distribusiyon dezekilibre resous Leta yo. Lamizé nan zòn riral yo Mak fabrik fanmi k ap viv nan zòn riral yo. Fanmi k ap viv nan milye riral yo genyen anpil moun, ladan yo genyen pafwa granmoun ki pandan yon tan te kite kote yo te tabli pou al
Related Search
We Need Your Support
Thank you for visiting our website and your interest in our free products and services. We are nonprofit website to share and download documents. To the running of this website, we need your help to support us.

Thanks to everyone for your continued support.

No, Thanks